Jan 14:18-31

Jan 14:18-31 HAT98

— Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti. — Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou. Men pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo. — M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. Nou tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. Mwen tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. Mwen p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen. Men, se pou lemonn antye konnen mwen renmen Papa m'. Epi m'ap aji dapre lòd Papa m'pase m'. Wi, annou leve, ann soti la a.