Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou. — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. Moun ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti.
Li Jan 14
Koute Jan 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 14:16-24
7 Jou
Eskize ou nan lavi a? Nan 7 jou kap vini yo, aprann kijan pou jwenn kle yo pou dekriye yon lavi pasyone pou Kris la toupatou ankò.
2 Weeks
Jesus Himself said anyone who loves Him will obey His teaching. No matter what it costs us personally, our obedience matters to God. The "Obedience" reading plan walks through what the Scriptures say about obedience: How to maintain a mindset of integrity, the role of mercy, how obeying frees us and blesses our lives, and more.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo