Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 13:21-30

Jan 13:21-30 HAT98

Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale. Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li. Simon Pyè fè l siy pou l mande Jezi ki moun li t'ap pale. Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: — Senyè, kilès sa a? Jezi reponn li: — Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: — Sa ou gen pou fè a, fè l vit. (Pèsonn sou tab la pat konprann poukisa li te di l sa. Anpil te fè lide Jezi te vle di l al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.) Se konsa, Jida pran moso pen an. Lamenm li sòti. Te fin fè nwa deyò a.

Li Jan 13

Koute Jan 13

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 13:21-30

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo