Jan 13:18-38

Jan 13:18-38 HAT98

— Lè m di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m lan, se li menm ki trayi mwen. M'ap tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan. Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale. Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li. Simon Pyè fè l siy pou l mande Jezi ki moun li t'ap pale. Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: — Senyè, kilès sa a? Jezi reponn li: — Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: — Sa ou gen pou fè a, fè l vit. (Pèsonn sou tab la pat konprann poukisa li te di l sa. Anpil te fè lide Jezi te vle di l al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.) Se konsa, Jida pran moso pen an. Lamenm li sòti. Te fin fè nwa deyò a. Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: — Se kounyeya nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se kounyeya li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li. Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l talè konsa. Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, kounyeya m'ap di nou sa m te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m prale a. Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. Simon Pyè mande li: — Senyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: — Kote m prale a ou pa ka swiv mwen kounyeya. Men, w'a swiv mwen pita. Pyè di li: — Senyè, poukisa m pa kapab swiv ou kounyeya? Mwen tou pare pou m bay lavi m pou ou. Jezi reponn li: — Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gentan di ou pa janm konnen m an twa fwa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an