Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou li te kite tè sa a pou li al jwenn Papa a. Li pa te manke renmen moun pa li yo ki nan lemonn lan. Li te renmen yo nètale. Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gentan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskaryòt la, pou l te trayi Jezi. Jezi te konnen pou tèt pa l li te sòti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay. Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l nan ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li konmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l lan. Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l konsa: — Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen? Jezi reponn li: — Kounyeya ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, w'a konprann pita.
Li Jan 13
Koute Jan 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 13:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo