Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y'ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve sòti vivan nan lanmò a. Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou, paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi. Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele: — Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la! Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik. Disip yo pat konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li. Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l te rele Laza pou l te fè l sòti nan kavo a, lè l te fè l leve sòti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!
Li Jan 12
Koute Jan 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 12:9-19
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo