Jan 12:12-28

Jan 12:12-28 HAT98

Nan denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Lè sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele: — Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la! Jezi te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la: Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an. Gade, men wa nou an ap vini: Li moute yon jenn ti bourik. Disip yo pat konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li. Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l te rele Laza pou l te fè l sòti nan kavo a, lè l te fè l leve sòti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li! Te gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la. Y'al jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l konsa: — Mesye, nou ta renmen wè Jezi. Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa. Jezi reponn yo: — Kounyeya, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l'ap bay anpil grenn. Moun ki renmen lavi l ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l sou latè a, l'ap konsève l pou lavi ki p'ap janm fini an. Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen. — Men kounyeya, kè m boulvèse. Mwen pa konn sa pou m di. Mwen ta di: Papa, delivre m anba sa ki pral rive kounyeya. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m pase tan soufrans sa a. Papa-o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa sòti nan syèl la, li di: — Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l ankò.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an