Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jan 12:1-7

Jan 12:1-7 HAT98

Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Antan l te la, yo ofri l manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele n'a. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. Yonn nan disip Jezi yo, sa ki ta pral trayi l la, Jida Iskaryòt, di konsa: — Poukisa yo pat vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. Li pat di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. Men, Jezi di li: — Kite l an repo! Kite l konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m nan kavo a.

Li Jan 12

Koute Jan 12

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jan 12:1-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo