Jan 11:45-57

Jan 11:45-57 HAT98

Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li. Men, gen ladan yo kal jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè. Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: — Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak. Si nou pa fè l sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an. Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: — Gen lè nou pa konprann anyen! Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove. (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a. Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.) Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi. Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo. Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm, anvan fèt la, pou yo te ka fè sèvis pou mete moun nan kondisyon sèvi Bondye. Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: — Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la? Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l fè yo konnen pou yo ka arete li.