Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di: — Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: — Laza, sòti deyò! Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale. Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:41-45
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo