Jan 11:28-44

Jan 11:28-44 HAT98

Lè Mat fin di sa, l'al rele Mari, sè l la, li di l nan zòrèy: — Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. (Jezi pat ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l la.) Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l, lè yo wè l leve sòti, yo swiv li. Yo te konprann li ta pral kriye bò kavo a. Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa: — Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri. Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann. Li mande yo: — Ki bò nou antere li? Yo reponn li: — Senyè, vin wè non. Dlo kouri nan je Jezi. Lè sa a, jwif yo di: — Gade jan li te renmen l non! Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: — Li menm ki louvri je avèg yo, li pat kapab anpeche Laza mouri? Sa te fè Jezi pi mal ankò. L'al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. Jezi di yo: — Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l konsa: — Senyè, li dwe konmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a. Jezi reponn li: — Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye? Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di: — Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: — Laza, sòti deyò! Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale.