Lè Mat fin di sa, l'al rele Mari, sè l la, li di l nan zòrèy: — Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. (Jezi pat ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l la.) Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l, lè yo wè l leve sòti, yo swiv li. Yo te konprann li ta pral kriye bò kavo a. Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa: — Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri. Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann. Li mande yo: — Ki bò nou antere li? Yo reponn li: — Senyè, vin wè non. Dlo kouri nan je Jezi.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:28-35
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo