Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò. Mat reponn li: — Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn: — Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:21-27
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo