Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l la. (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Senyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.) De sè yo voye yon moun bò kote Jezi pou di li: — Senyè, zanmi ou lan malad. Lè Jezi tande nouvèl la, li di: — Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:1-4
9 Jou
Decouvri mirak Jezi yo, kote chak mirak demontre ke li se Pitit Bondye. Chak jou nan plan sa a ap gen yon ti videyo ki esplike mirak prensipal la.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo