Jan 11:1-23

Jan 11:1-23 HAT98

Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l la. (Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Senyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.) De sè yo voye yon moun bò kote Jezi pou di li: — Senyè, zanmi ou lan malad. Lè Jezi tande nouvèl la, li di: — Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a. Jezi te renmen Mat, Mari, sè l la, ansanm ak Laza. Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: — Ann tounen nan Jide. Disip li yo reponn li: — Mèt, sa pa gen lontan sa non, jwif yo t'ap chache kalonnen ou wòch, epi koulyeya ou vle tounen laba a ankò? Jezi di yo: — Gen douzèdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite paske li wè kote l'ap mete pye li. Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap frape pye li paske li pa gen limyè nan li. Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: — Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li. Disip yo reponn li: — Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri. Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè. Lè sa a, Jezi di yo klè: — Laza mouri. Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pat la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li. Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: — Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n ka mouri ansanm avè li. Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gentan antere depi kat jou. Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, l'al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò.