Jezi di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. Tout moun ki te vin anvan m yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pat koute yo. Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l'a sove. L'a antre, l'a sòti, l'a jwenn manje pou l manje. Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite. — Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li. Moun k'ap fè djòb, se pa gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè li wè bèt sovaj ap vini, l'ap kouri kite mouton yo, l'ap met deyò. Lèkonsa, bèt sovaj ap devore mouton yo, y' ap gaye. Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l ak mouton yo? Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen.
Li Jan 10
Koute Jan 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 10:7-15
7 Days
Amy Groeschel has written this seven-day Bible Plan in hopes it will be taken as straight from our loving Father’s heart to yours. Her prayer is that it teaches you to avoid the opposing clamor and awakens you to focus on His voice.
9 Jou
Jezi te itilize istwa pratik ak kreyatif pou esplike wayòm Bondye a. Chak jou nan plan etid 9 pati sa a, yon ti videyo ap ilistre youn nan ansèyman li yo.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo