Jwif yo sanble bò kote l, yo di l konsa: — Kilè w'a wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare. Jezi reponn yo: — Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m m'ap fè yo. Yo pale pou mwen. Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl.
Li Jan 10
Koute Jan 10
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 10:24-30
5 Jou
Gid lekti pou senk jou sa a rantre nan yon koze ki enpòtan anpil ki fè anpil deba pandan plizyè jenerasyon: Kiyès Jezi ye menm? Pandan ti tan devosyon sa a, Pastè Louie Giglio envite w fè yon rankont ak Bondye nan intelijans ou epi nan kè w lè w va fin dekouvri kisa listwa ak pawòl la gen pou di sou Jezi. Nou ta renmen remèsye Louie Giglio ak Passion Publishing pou gid lekti sa a.
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo