Sa m'ap di nou la a se vre wi: Moun ki pa pase nan pòt la pou antre nan pòt mouton yo, men ki eskalade lòt kote pou li antre, moun sa a se yon vòlè, se yon ansasen. Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye. Moun k'ap veye pòt la louvri l pou li. Tout mouton yo rekonèt vwa li. Li rele tout mouton l yo, li ba yo chak non yo, li mennen yo deyò. Lè li fin fè yo tout sòti, li mache devan yo. Tout mouton yo swiv li paske yo konnen vwa li. Men, yo p'ap swiv yon moun yo pa konnen. Okontrè, y'ap kouri byen lwen pou li paske yo pa rekonèt vwa li.
Jezi di yo parabòl sa a, men yo pat konprann sa l te vle di yo.
Jezi di yo ankò:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo. Tout moun ki te vin anvan m yo, se yon bann vòlè ak piyajè yo te ye. Men, mouton yo pat koute yo. Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, l'a sove. L'a antre, l'a sòti, l'a jwenn manje pou l manje. Lè vòlè a vini, se vòlò li vin vòlò, se touye li vin touye, se detwi li vin detwi, se sa ase li vin fè. Mwen menm, mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite.
— Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li. Moun k'ap fè djòb, se pa gadò li ye. Mouton yo pa pou li. Lè li wè bèt sovaj ap vini, l'ap kouri kite mouton yo, l'ap met deyò. Lèkonsa, bèt sovaj ap devore mouton yo, y' ap gaye. Nonm lan met deyò paske se yon djòb l'ap fè. Ki mele l ak mouton yo? Mwen menm, mwen se gadò mouton yo. Papa a konnen m, mwen konn Papa a. Konsa tou, mwen konnen mouton m yo. Yo menm tou yo konnen mwen. Mwen gen lòt mouton toujou ki poko nan pak la. Fòk mwen mennen yo tou. Y'a tande vwa mwen. Lè sa a, mouton yo ap fè yon sèl bann, ap gen yon sèl gadò.
— Papa a renmen m, paske m'ap bay lavi m pou m ka resevwa l ankò. Pèsonn pa ka wete lavi m'. Se mwen ki bay li, paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m'bay li, mwen gen pouvwa pou m' reprann li. Se sa menm Papa m' te ban m' lòd fè.
Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo. Anpil jwif t'ap di:
— Li gen yon move lespri sou li! Li fou! Sàn bezwen pèdi tan n ap koute yon nonm konsa fè?
Gen lòt ki t'ap di:
— Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?
Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan. Jwif yo sanble bò kote l, yo di l konsa:
— Kilè w'a wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
Jezi reponn yo:
— Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m m'ap fè yo. Yo pale pou mwen. Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl.
Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li. Lè sa a, Jezi di yo:
— Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m pou kilès ladan yo nou vle touye m ak kout wòch la?
Jwif yo reponn li:
— Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.
Jezi reponn yo:
— Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye. Si Liv la rele bondye moun ki resevwa pawòl Bondye, - si pawòl Bondye pa ka peri - moun Bondye mete apa pou li a, moun li voye nan lemonn, nou di l'ap pale Bondye mal paske li di. Mwen menm menm, se Bondye ki mete m' apa pou li, se li ki voye m' nan lemonn nan. Kijan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè mwen di se pitit Bondye mwen ye? Si m pa fè travay Papa m ban m fè a, nou pa bezwen kwè mwen. Men, si mwen fè l, menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwen kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a.
Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l, men li chape anba men yo.
Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la. Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di:
— Jan pat fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.
Anpil moun la te kwè nan Jezi.