Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: — Swiv mwen. (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: — Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la. Natanayèl di li: — Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt? Filip reponn li: — Vini non, w'a wè. Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li: — Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. Natanayèl mande li: — Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: — Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan. Lè sa a, Natanayèl di li: — Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! Jezi reponn li: — Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou. Apre sa, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.
Li Jan 1
Koute Jan 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 1:43-51
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo