Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Senyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l di sa li pa di. Nou fè moun ki gen bon konprann yo wont. Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo. Yo voye pawòl Senyè a jete. Kote bon konprann yo kounyeya? Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan. Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje! Epi, manti! Anyen p'ap mache. Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa. Mwen te soti pou mwen trape kichòy kay pèp mwen an. Men yo te tankou yon pye rezen san yon grenn rezen menm, tankou yon pye figfrans san okenn fwi. Menm fèy yo fin fennen. Se poutèt sa mwen lage yo bay etranje anvayi yo. Pèp la menm ap di: — Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Senyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n mouri. Li ban nou pwazon pou n bwè, paske nou antò devan li. Nou t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante. Men anyen pa mache. Nou t'ap tann li vin geri nou, men se pè l'ap fè nou pè. Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo. Senyè a di ankò: — Men m'ap lage sèpan dèyè nou, move sèpan nou p'ap ka chame. Y'ap mòde nou. Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m ap fann! Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Senyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Senyè a reponn: — Poukisa nou fè m fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen. Pèp la ap rele: — Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase. Nou pa sove jouk kounyeya! Kè m ap fann lè m wè jan y'ap kraze pèp mwen an. M pa wè sa pou m fè ankò! M dekouraje nèt. Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?
Li Jeremi 8
Koute Jeremi 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 8:8-22
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo