Jeremi 7:1-15

Jeremi 7:1-15 HAT98

Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa: — Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n'al fè sèvis pou Senyè a, koute sa Senyè a voye di nou. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m ka kite nou viv isit la. Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Anyen p'ap rive nou la. Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri. Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou. Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan. Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pat janm konnen anvan. Lèfini, n'ap vin kanpe devan m nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè? Resanm nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m te fè l poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a. Kounyeya menm, gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn. Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an. M'ap wete nou devan je m, menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen.