Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou peyi Mowab la:
— Ala malè pou moun lavil Nebo yo!
Yo ravaje lavil la nèt ale.
Moun lavil Kiryatayim yo wont!
Lènmi anvayi lavil la,
yo pran gwo fò a, yo kraze l ratè!
Peyi Mowab la pèdi pouvwa li.
Nan lavil Esbon yo fè plan pou yo detwi Mowab.
Yo di: Ann ale, ann disparèt peyi a sou latè!
Yo fè lavil Madmèn pe bouch li.
Yon gwo lame ap mache pran l!
Moun lavil Owonayim yo ap rele:
Men y'ap ravaje nou! Y'ap fè malè sou nou!
Yo kraze peyi Mowab.
Tout pitit li yo ap rele!
Se dlo nan je y'ap moute lavil Loukit.
Sou tout wout pou desann Owonayim,
se gwo rèl pou malè ki rive yo!
Y'ap rele: Kouri non, sove lavi nou!
Al kache tankou bourik mawon nan dezè a.
Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo!
Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou!
Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la,
ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo.
Malè pral tonbe sou tout lavil nou yo.
Yo yonn p'ap chape anba l.
L'ap fini ak sa ki nan fon yo.
L'ap ravaje sa ki sou platon yo.
Se Senyè a menm ki di sa.
Pare yon mab pou mete sou tonm Mowab.
Talè konsa yo pral detwi l nèt.
Tout lavil peyi Mowab yo fin kraze.
P'ap gen yon moun rete la ankò.
Madichon pou moun ki pote neglijans nan fè travay Senyè a!
Madichon pou moun ki derefize touye nan lagè a!
Peyi Mowab te toujou viv san okenn danje depi tout tan. Yo pa janm depòte moun li yo. Li te tankou diven yo kite poze nan barik, san yo pa janm vide l sot nan yon veso mete l nan yon lòt. Se konsa li pa janm pèdi gou l. Li pa janm vante.
Men lè a rive kounyeya, se Senyè a menm ki di sa. Mwen pral voye moun pou yo vide peyi Mowab la tankou diven. Yo pral devide veso yo. Yo pral kraze barik yo an miyèt moso. Moun peyi Mowab yo pral wont Kemòch, bondye yo a, menm jan moun fanmi Izrayèl yo te wont bondye lavil Betèl ki te tout konfyans yo a.
Ki jan nou ka fè di:
Nou se vanyan gason,
sòlda brave danje ki konn fè lagè?
Yo fini ak peyi Mowab.
Yo anvayi tout lavil li yo.
Yo ansasinen tout jenn gason ki pi bon lakay li yo.
Se mwen menm Wa a, mwen menm yo rele Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Jou pou yo fini ak Mowab la ap pwoche.
Malè ki pral tonbe sou Mowab la pa lwen rive.
Nou menm, vwazen l yo, plenn sò li!
Nou tout ki te konnen jan l te ye a,
nou mèt di: Gade jan yo kraze gwo pouvwa li a!
Bèl baton kòmandman ki te nan men l lan disparèt.
Nou menm k'ap viv lavil Dibon,
desann sou bèl fòtèy premye klas nou an.
Mete dèyè nou atè nan pousyè a.
Paske moun ki te fini ak Mowab la ap vin pou nou.
L'ap kraze tout gwo fò nou yo.
Nou menm k'ap viv lavil Awoyè.
Rete sou bò wout la tann.
Mande moun k'ap kouri met deyò yo sa ki pase.
Y'a reponn ou: Peyi Mowab tonbe!
Plenn sò li, pete rèl pou li: Yo fè l wont!
Fè tout moun ki rete bò ravin Anon an konnen yo ravaje peyi Mowab la.
Jou jijman an rive pou lavil yo ki sou platon an: Olon, Jasa ak Mefat, Didon, Nebo ak Bèt-Diblatayim, Kiryatayim, Bèt-Gamoul, Bèt-Meyon, Keriyòt, Bozra. Jijman rive sou tout lavil peyi Mowab yo, kit sa ki toupre, kit sa ki byen lwen.
Yo kraze lògèy moun Mowab yo.
Yo kraze kouray yo.
Se mwen menm Senyè a ki pale.
Senyè a di ankò:
— Fè lavil Mowab sou,
paske li te kenbe tèt avè m.
Se pou Mowab woule nan vonmi l.
Li menm tou, se pou yo pase l nan rizib.
Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib.
Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò
kifè chak fwa n'ap pale sou yo,
n'ap souke tèt nou, n'ap di podyab pou yo?
Nou menm, moun Mowab, kite lavil nou yo,
al rete nan twou wòch.
Aji tankou ranmye ki fè nich nan branch bò falèz.
Moun Mowab yo se moun ki gen lògèy anpil.
Nou te konnen jan moun sa yo te gen lòyèy, jan yo te awogan.
Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun.
Men mwen menm Senyè a, mwen konnen yo te kwè
twòp nan tèt yo.
Bèl diskou yo t'ap fè yo se te pawòl nan bouch.
Tou sa y'ap fè pa vo anyen.
Se konsa, m'ap plenn sò moun Mowab yo,
m'ap rele pou tout peyi Mowab yo,
pou moun lavil Ki-Erès yo.
M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo
plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo.
Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen.
Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a,
yo rive jouk lavil Jazè.
Men kounyeya, yo ravaje tout rekòt la,
yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.
Pa gen kè kontan ak fèt ankò nan jaden rezen peyi Mowab yo.
Pa gen yon degout diven ankò nan barik yo.
Pa gen yon moun k'ap travay nan moulen pou fè diven.
Nou pa tande yon moun ap bay ankourajman.
Moun Esbon yo ap rele.
Yo tande rèl yo jouk lavil Elealè, jouk lavil Jaaz,
depi lavil Zoa jouk lavil Owonayim ak Eglat-Chelichya.
Ata ti dlo Nimrim lan gen pou l cheche.
M'ap disparèt moun lavil Mowab yo.
Se Senyè a menm ki di sa.
M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo,
moun k'ap boule lansan pou bondye yo.
Se poutèt sa, kè m ap fè m mal anpil pou moun Mowab yo,
pou moun Ki-Erès yo.
M'ap plenn sò yo tankou moun k'ap jwe fif nan lantèman.
Paske yo pèdi tou sa yo te genyen.
Yo tout, yo kale tèt yo,
yo koupe tout bab nan figi yo,
yo kòche tout men yo ak kouto,
yo mare sak nan ren yo.
Sou teras anwo tout kay peyi Mowab yo,
sou tout plas piblik, se plenn moun yo ap plenn.
Mwen kraze peyi Mowab tankou yon kannari pèsonn pa bezwen ankò.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Yo fini ak peyi Mowab! Plenn sò li.
Mowab pèdi pye, li wont.
Tout nasyon ki nan vwazinay li yo ap pase l nan rizib,
yo tout sezi wè sa ki rive l.
Men sa Senyè a di ankò:
— Tankou yon malfini, yon lènmi ap plannen
ak zèl li yo gran louvri sou Mowab.
Li pran tout vil Kiryòt yo,
Li mete men sou tout fò yo.
Jou sa a, vanyan sòlda lame Mowab yo
va anba kè sere tankou fanm tranche pran li.
Y'ap fini ak peyi Mowab la,
y'ap touye dènye moun ladan l,
paske li te kenbe tèt ak Senyè a.
Nou menm moun Mowab yo, yo pral ban nou sezisman,
y'ap fouye twou pou nou tonbe,
y'ap pare pèlen pou nou.
Se Senyè a menm ki di sa.
Moun k'ap kouri pou sezisman pa pran yo pral tonbe nan twou.
Lè y'a kouri sòti nan twou a, y'ap pran nan pèlen.
Paske dat Senyè a te fikse pou li pini Mowab la rive sou li.
Se Senyè a menm ki di sa.
Moun k'ap kouri met deyò yo rive Esbon tou bouke.
Y'ap chache pwoteksyon lavil Esbon,
lavil kote wa Siyon t'ap gouvènen an:
men yo jwenn li ap boule.
Dife a gaye, li rive jouk sou fontyè a,
li moute rive jouk sou tèt mòn lwijanboje yo.
Sa fè lapenn pou moun Mowab yo!
Tout moun ki t'ap sèvi Kèmòch yo fini.
Yo pran pitit gason ak pitit fi yo,
yo fè yo prizonye, yo depòte yo.
Men nan jou k'ap vin apre yo,
m'ap mete peyi Mowab la kanpe ankò.
Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
Se tou sa ki pral rive moun Mowab yo.