Yon lè, antan Bawouk, pitit Nerija, t'ap ekri mesaj pwofèt Jeremi t'ap dikte li yo, jeremi ba li yon mesaj pou li menm menm. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas, te sou katriyèm ane depi li te wa peyi Jida. Jeremi di Bawouk konsa: — Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, bay yon mesay sou ou, Bawouk. Ou te di: Ala devenn pou mwen! Senyè a mete lafliksyon sou traka m te genyen deja. Mwen bouke plenn, mwen pa jwenn yon ti soulajman menm! Enben, men mesay Senyè a ban mwen pou ou: Se mwen menm Senyè k'ap demoli tou sa mwen te bati. M'ap derasinen tou sa mwen te plante. M'ap fè sa toupatou sou latè! Epi ou menm, w'ap mande pou yo fè pa ou, w'ap mande yon soulajman pou tèt ou ase? Pa mande anyen. M'ap voye malè a sou tout moun sou latè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Men ou menm, ou mèt ale kote ou vle, ou p'ap mouri, w'ap sove lavi ou!
Li Jeremi 45
Koute Jeremi 45
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 45:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo