Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa:
— Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesay Senyè a. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la. Men kounyeya, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Senyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pèsonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Senyè a, Bondye vivan an! M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye okenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò. Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm. Se mwen menm Senyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki sòti pou touye l yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nebikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te sòti pou touye l la tou.