Jeremi 44:15-30

Jeremi 44:15-30 HAT98

Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medanm ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi: — Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Senyè a. N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pat gen poblèm. Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou. Medam yo menm poutèt pa yo di: — Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè. Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l repons sa yo, li di yo konsa: — Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Senyè a pat konn sa, osinon li bliye sa. Non. Senyè a pat ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pèsonn ladan l. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l jòdi a. Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Senyè a, se paske nou pat koute sa li t'ap di nou, se paske nou pat mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a. Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: — Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesay Senyè a. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la. Men kounyeya, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Senyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pèsonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Senyè a, Bondye vivan an! M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye okenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò. Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm. Se mwen menm Senyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki sòti pou touye l yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nebikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te sòti pou touye l la tou.