Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y'al bò kote pwofèt Jeremi, yo di l konsa:
— Tanpri, fè sa n'ap mande ou la a. Lapriyè Senyè a, Bondye ou la, pou nou. Lapriyè pou ti rès moun ki chape yo. Paske, jan ou ka wè l la, nou te anpil, kounyeya se yon ti ponyen moun nou ye. Mande Senyè a, Bondye ou la, pou l fè nou konnen ki chemen pou n pran, kisa pou n fè.
Jeremi reponn yo:
— Dakò. Mwen pral lapriyè Senyè a, Bondye nou an, jan nou mande m lan. Apre sa, m'a fè nou konnen repons Senyè a ban nou. Mwen p'ap kache nou anyen.
Yo di Jeremi konsa:
— Si nou pa fè tou sa Senyè a, Bondye ou la, va di ou pou nou fè, se pou Senyè a kanpe pou l akize nou. Lè sa a, la gen rezon l nan pla men l. Se nou menm ki mande ou pou lapriyè Senyè a pou nou. Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Senyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l.
Dis jou apre, Senyè a bay Jeremi repons lan. Jeremi rele Jokanan, pitit Karejak la, ak tout lòt chèf lame ki te avè l yo ansanm ak tout pèp la, gran kou piti. Li di yo:
— Nou te voye m al lapriyè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou m te mande l kichòy pou nou. Men repons li bay: Si nou vle rete nan peyi sa a, m'ap mete nou kanpe ankò. Mwen p'ap kraze nou. M'ap fè nou pran rasin ankò, mwen p'ap dechouke nou. Paske malè mwen te voye sou nou an ban m gwo lapenn. Kounyeya, nou pa bezwen tranble devan wa Babilòn lan. Nou pa bezwen pè l. Se mwen menm, Senyè a, k'ap pale ak nou. Mwen la avèk nou pou sove nou, pou delivre nou anba men l. Paske mwen gen bon kè, m'a fè l gen pitye pou nou, l'a kite nou tounen lakay nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Jeremi di yo ankò:
— Si nou pa koute sa Senyè a, Bondye nou an, fè nou konnen, si nou di: Non, nou p'ap rete nan peyi a! Non! Se nan peyi Lejip nou pral viv, kote nou p'ap wè lagè, kote nou p'ap tande twonpèt k'ap bay siyal lagè a, kote nou p'ap soufri grangou. Se la pou n'al viv. Enben, nou menm ti ponyen moun ki rete nan moun Jida yo, koute byen sa Senyè a di nou: Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay: Si nou sòti vre pou nou ale nan peyi Lejip, si nou desann nan peyi sa a pou nou rete, enben, lagè k'ap fè nou pè a ap rive jwenn nou jouk laba nan peyi Lejip la. Grangou k'ap ban nou tout tèt chaje sa yo pral swiv nou jouk laba a. N'ap mouri nan peyi Lejip. Tout moun ki sòti vre pou y'ale nan peyi Lejip pou yo ka rete viv la pral mouri nan lagè, grangou pral touye yo, move maladi ap fini ak yo nèt. Lè sa a, nou yonn p'ap chape anba malè m'ap voye sou nou an.
Wi! Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay ankò: Menm jan mwen te move anpil sou moun lavil Jerizalèm yo, se menm jan an tou m'ap move anpil sou nou si nou desann peyi Lejip. Konsa, moun va sezi wè nou, y'a vire tèt yo pou yo pa gade nou. Y'a pase nou nan betiz, y'a sèvi ak non nou pou bay madichon. Nou p'ap janm wè peyi sa a ankò.
Wi, men sa Senyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a. Se pi gwo erè nou te fè. Lè nou te mande m al lapriyè Senyè a, Bondye nou an, pou nou, nou te di m: Lapriyè li pou nou. W'a fè nou konnen tou sa la di ou, epi n'a fè l. Jòdi a, mwen fè nou konnen repons li, men nou pa vle koute anyen nan sa li voye m di nou an. Enben, konn sa byen, nou pral mouri nan lagè, grangou ap touye nou, move maladi ap fini ak nou nan peyi kote nou vle al rete a.