Senyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Jojakim, pitit Jozyas la, t'ap mache sou katran depi li te wa peyi Jida. Men sa Senyè a te di Jeremi:
— Pran yon woulo papye, ekri tou sa mwen te di ou sou peyi Izrayèl la, sou peyi Jida ak sou tout lòt nasyon yo. W'a ekri tout mesaj mwen te ba ou, depi sou reny Jozyas rive jouk jodi a. Ou pa janm konnen, lè moun peyi Jida yo va tande tout malè mwen fè lide voye sou yo, y'a konprann, y'a manyè kite move pant y'ap swiv la. Lè sa a, m'a padonnen tout mechanste ak peche yo te fè yo.
Se konsa, Jeremi rele Bawouk, pitit gason Nerija a, li dikte l tout mesay Senyè a te ba li epi Bawouk ekri yo nan woulo liv la. Apre sa, Jeremi bay Bawouk lòd sa yo:
— Yo defann mwen antre nan Tanp Senyè a. Mwen pa ka mete pye m la. Men ou menm, ou prale nan Tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesay Senyè a te bay yo. Ou pral li l byen fò pou tout moun ki nan Tanp lan ka tande, pou moun ki sòti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou. Ou pa janm konnen, yo ka pran lapriyè nan pye Bondye, y'a manyè kite move pant yo t'ap swiv la. Paske Senyè a fè yo konnen li move anpil, li fache anpil sou pèp la.
Bawouk, pitit Nerija a, fè tou sa Jeremi te ba li lòd fè a. Li kanpe nan mitan Tanp lan, li li mesay Senyè yo ki te nan liv la.
Se te nan nevyèm mwa senkyèm lanne reny Jojakim, pitit Jozyas la, yo te bay lòd pou tout moun lavil Jerizalèm yo ansanm ak tout moun ki te sòti nan lavil peyi Jida yo epi ki te nan lavil Jerizalèm lan pou yo fè yon sèvis jèn pou mande Senyè a gras.
Lè sa a, Bawouk pran liv mesay Jeremi yo, li li l nan Tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè Tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Senyè a.
Miche, pitit Gemarya a, pitit pitit Chafan an, te tande tout mesay Senyè yo ki te ekri nan liv la. Apre sa, l'ale lakay wa a, nan biwo sekretè wa a, kote li jwenn tout gwo chèf yo reyini ap travay. Te gen Elichama, sekretè palè a, Delaya, pitit gason Chemaya, Elnatan, pitit Achbò, Gemarya, pitit Chafan, Zedekya, pitit Ananya, ak tout lòt gwo chèf yo. Miche di yo tou sa li te sot tande Bawouk ap li nan zòrèy pèp la. Lè sa a, gwo chèf yo voye Jeoudi bò kote Bawouk. Jeoudi sa a, se te pitit Netanya, pitit pitit Chelemya, pitit pitit pitit Kouchi. L'al di Bawouk pou li pote woulo liv li te li nan zòrèy pèp la bay chèf yo. Bawouk pote woulo liv la ba yo. Yo di l konsa:
— Chita la, li l pou nou tande.
Bawouk li liv la pou yo. Lè yo tande tou sa ki te nan liv la, yo vin pè. Yonn pran gade lòt, epi yo di:
— Se pou n'al fè wa a konnen bagay sa yo.
Lèfini, yo mande Bawouk:
— Mangè di nou ki jan ou te fè ka ekri tout bagay sa yo. Se Jeremi ki te dikte ou yo?
Bawouk reponn yo:
— Se Jeremi menm ki te dikte tout mesay sa yo. Mwen menm, mwen kouche yo sou woulo liv la ak lank.
Lè sa a, chèf yo di Bawouk:
— Al kache tande, ou menm ansanm ak Jeremi. Pa kite pyès moun konnen kote nou ye.
Chèf yo kite woulo liv la lakay Elichama, sekretè palè a, y'ale nan lakou palè a, y'al rapòte wa a tout bagay. Lè sa a atò, wa a voye Jeoudi al chache woulo liv la lakay Elichama, sekretè a. Jeoudi pote liv la vini. Li tanmen li li byen fò pou wa a ansanm ak lòt chèf ki te kanpe bò wa a. Se te nan sezon fredi, nan nevyèm mwa a, wa a te nan kay kote li konn pase tan fredi a, li te chita devan yon gwo recho dife tou limen. Chak fwa Jeoudi te fin li twa ou kat kolòn nan liv la, wa a koupe yo ak yon ti kouto epi li jete yo nan dife a. Konsa konsa, jouk li boule tout woulo liv la. Men, ni wa a ni chèf li yo pat gen kè kase, ni yo pat fè anyen pou moutre yo te nan lapenn lè yo tande tou sa ki te nan woulo liv la. Elnatan, pitit Delaja, ak Gemarya te lapriyè nan pye wa a pou li pat boule woulo liv la. Men, wa a pa koute yo. Okontrè, li pale ak Jerakmeyèl, pitit li a, ansanm ak Seraja, pitit Azryèl la, ak Chelemya, pitit Abdeyèl la. Li ba yo lòd pou yo arete pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, sekretè l la. Men Senyè a pa kite yo jwenn yo.