Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jeremi 34:1-7

Jeremi 34:1-7 HAT98

Yon lòt jou, Senyè a pale ak Jeremi ankò. Lè sa a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinay li yo. Li te gen avè l tout lame pa l la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li. Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi: — Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Senyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l. Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l tou. W'a kontre avè l bab pou bab. W'a pale avè l. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn. Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesay Senyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè. W'ap mouri mouri ou nan kabann ou. Lè sa a, y'a boule lansan pou ou menm jan yo te konn boule lansan pou zansèt ou yo ki te wa anvan ou. Y'a rele pou ou, y'a di: Ki lapenn sa a? Wa a mouri! Se mwen menm Senyè a ki di sa. Se mwen ki bay mesay sa a. Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesay sa a lavil Jerizalèm. Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje.

Li Jeremi 34

Koute Jeremi 34

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 34:1-7

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo