Jeremi 31:7-14

Jeremi 31:7-14 HAT98

Senyè a di ankò: — Chante ak kè kontan pou pèp Izrayèl la! Pi gwo nasyon pase l nanpwen. Fè yo tande jan n'ap chante pou Bondye. Senyè a delivre pèp li a. Li delivre sa ki te rete nan pèp Izrayèl la. Wi, se mwen menm, Senyè a, k'ap mennen yo sot nan nò. M'ap ranmase yo nan dènye bout latè. Sa ki avèg, sa k'ap bwete, fanm ki ansent, fanm ki gen tranche, yo tout ap vin ansanm. Se yon foul moun k'ap tounen. Sou tout wout la, y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo retounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite jouk yo rive bò sous dlo yo. Wi, mwen tankou yon papa pou Izrayèl, Efrayim sa a se premye pitit gason mwen an. Senyè a di ankò: — Nou menm lòt nasyon yo, koute sa m'ap di: Mache fè konnen l nan tout zile ki byen lwen yo. Di yo: Senyè a te gaye tout pèp Izrayèl la. Se li menm ki pral sanble yo ankò. Mwen pral okipe yo, tankou gadò k'ap okipe mouton l. Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo. Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Senyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen. Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouray. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè prèt yo manje vyann gra kont kò yo. Pèp mwen an va jwenn tou sa yo bezwen nan tout bon bagay m'a ba yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.