Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Sèlman, se pou nou rekonèt sa nou fè a pa bon. Nou pat kenbe pawòl nou avè m, Senyè a, Bondye nou an! Nou te al toupatou, anba tout kalite pyebwa, pou fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo. Nou pat koute m lè mwen t'ap pale nou. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Li Jeremi 3
Koute Jeremi 3
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 3:12-13
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo