Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nebikadneza te depòte sòti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte. Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo. Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nebikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la: — Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn.
Li Jeremi 29
Koute Jeremi 29
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 29:1-4
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo