Nan menm lanne a, nan katriyèm lanne reny Sedesyas, wa peyi Jida a, nan senkyèm mwa a, pwofèt Ananya, pitit Azou, moun lavil Gabawon, vin pale avè m nan Tanp Senyè a. Devan tout prèt yo ansanm ak pèp la, li di mwen:
— Men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen kraze pouvwa wa Babilòn lan. Nan dezan, jou pou jou, m'ap pote tout bagay ki te nan Tanp Senyè a tounen nan plas yo. Wi, tou sa wa Nebikadneza te pran nan Tanp lan pou l te pote ale lavil Babilòn, m'ap fè yo tounen nan plas yo. M'ap fè Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo tounen isit. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Wi, mwen pral kraze pouvwa wa Babilòn ki t'ap peze nou an.
Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Senyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya. Li di konsa:
— Dakò! Se pou Senyè a fè sa vre! Se pou li fè sa ou di a rive vre, pou l fè tout bagay ki te nan Tanp Senyè a ansanm ak moun yo te depòte yo tounen sòti lavil Babilòn. Tansèlman, koute byen sa m'ap di ou, ou menm ansanm ak pèp la: Pwofèt ki te vini anvan m yo ak anvan ou tou te fè konnen lagè, grangou ak move maladi pral tonbe sou anpil gwo peyi, sou anpil gran wa ak tout pèp yo. Men, lè yon pwofèt di tout bagay pral mache byen, se lè sa li di ki gen pou rive a rive vre y'a rekonèt se Senyè a ki te voye l.
Lè sa a, pwofèt Ananya pran jouk bèf ki te sou zepòl Jeremi an, li kraze l an miyèt moso. Apre sa, li pran pale ankò devan tout pèp la. Li di konsa:
— Men mesay Senyè a: Nan dezan, jou pou jou, se konsa mwen pral kraze pouvwa Nebikadneza, wa Babilòn lan. Mwen pral kraze jouk bèf li te mete sou zepòl tout nasyon yo.
Apre sa, pwofèt Jeremi al fè wout li.
Kèk tan apre pwofèt Ananya te kraze jouk bèf ki te sou zepòl pwofèt Jeremi an, Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa:
— Ale pale ak Ananya. W'a di l men sa Senyè a voye di ou: Ou te kraze yon jouk bèf fèt an bwa. Ou pral ranplase l ak yon jouk bèf fèt an fè. Paske men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la di: M'ap mete yon jouk fè sou zepòl tout nasyon sa yo pou yo sèvi Nebidadneza, wa Babilòn lan. Ata bèt nan bwa va soumèt devan l.
Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa:
— Koute byen, Ananya! Se pa Senyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la. Se sa ki fè men sa Senyè a di: Li pral disparèt ou sou latè. Anvan lanne an bout, w'ap mouri, paske ou pouse pèp la pou l te kenbe tèt ak Senyè a!
Menm lanne an vre, nan setyèm mwa a, pwofèt Ananya mouri.