Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jeremi 25:32-38

Jeremi 25:32-38 HAT98

Senyè ki gen tout pouvwa a di: — Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt, yon gwo van tanpèt ap moute sòti nan bout latè. Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Senyè a pral touye. P'ap gen pèsonn pou kriye pou yo, pèsonn pou ranmase yo atè a, pèsonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Nou menm chèf ki reskonsab pèp la, rele anmwe, woule kò nou atè. Lè a rive pou yo koupe tèt nou. Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè. Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè. P'ap gen kote pou chèf yo al kache. P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon. Y'ap tande chèf yo ap rele, y'ap tande yo ap rele anmwe, paske Senyè a pral ravaje peyi yo. Tout bèl peyi yo pral tounen mazi, paske Senyè a move anpil. Tankou yon lyon ki kouri kite twou li, tout moun ap mete deyò. Peyi a pral tounen yon dezè apre lagè san manman sa a, apre gwo kòlè Senyè a.

Li Jeremi 25

Koute Jeremi 25

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 25:32-38

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo