Nou menn moun lavil Jerizalèm, ale nan peyi Liban, rele byen fò! Ale nan peyi Bazan, rele! Rete sou mòn Mowab yo, rele! Paske yo kraze tout asosye nou yo. Mwen menm, Senyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou. Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo. Nou menm ki rete nan gwo kay nou bati ak sèd ki sòti peyi Liban, ala plenn nou pral plenn lè malè va tonbe sou nou! Nou pral plenn tankou fanm ki gen tranche. Men sa Senyè a voye di Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida: — Mwen sèmante sou vi m'. Menm si ou se so bag ki nan dwèt mwen an, m'ap rache ou jete atè. M'ap lage ou nan men moun ki sòti pou touye ou yo, nan men moun ou pè yo. M'ap lage ou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men moun Kalde yo. Mwen pral voye ni ou menm, ni manman ou ki fè ou la, nan peyi etranje. Nou pral nan yon peyi kote nou pat fèt. Se la ni ou menm ni li menm pral mouri. N'ap anvi tounen vin wè peyi sa a. Men, nou p'ap janm ka tounen. Moun yo rele Jekonya a, eske li tounen yon kannari kraze y'ap voye jete, yon kannari pèsonn pa bezwen? Poukisa yo depòte ni li ni pitit li yo nan peyi yo pat janm konnen? O latè, latè, latè! Koute sa Senyè a di: Nonm sa a kondannen pou l pèdi tout pitit li yo, pou l pa janm wè zafè l mache. P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou rive chita sou fòtèy wa David la, ki pou rive chèf nan peyi Jida a ankò.
Li Jeremi 22
Koute Jeremi 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jeremi 22:20-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo