Jeremi 21

21
Jerizalèm gen pou tonbe
1Wa Sedesyas te voye Pachou, pitit gason #2 Wa 25.18; Jer 29.25; 37.3 Malkija a, ak Sefanya, pitit gason Mesaja a, prèt la, bò kote Jeremi pou mande l yon sèvis. 2Yo #2 Wa 25.1; Sòm 105.2,5 di l:
— Tanpri, pale ak Senyè a pou nou, paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Senyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nebikadneza vire do l al fè wout li.
3Lè sa a, Senyè a pale ak Jeremi. Lèfini, Jeremi di mesye yo:
— Men sa n aval di wa Sedesyas pou mwen: 4Senyè a, #Jer 32.5; 37.10 Bondye pèp Izrayèl la, pale. Li di konsa: Mwen pral pran tout zam ou genyen pou goumen kont wa Nebikadneza ak lame moun Kalde ki sènen nou yo, mwen pral detounen yo, m'ap anpile yo nan mitan lavil la. 5Se #Egz 6.6; Det 4.34; 29.28; Jer 27.5; 32.37 mwen menm menm ki pral goumen ak nou avèk tout fòs mwen, avèk tout kouray mwen, avèk kòlè, avèk raj, avèk yon gwo kòlè. 6Mwen pral touye tout moun ki rete nan lavil sa a. Mwen pral voye yon gwo maladi sou tout moun ak sou tout bèt pou yo mouri. 7Apre #Det 28.50; Jer 37.17; 39.5; 52.9; Eze 5.11 sa, - se mwen menm Senyè a ki di sa - m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nebikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki sòti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pèsonn, yo p'ap pran priyè.
8Lèfini, #Det 30.15,19; Jer 38.2 w'a di pèp la men sa mwen menm, Senyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò. 9Tout #Jer 15.2; 39.18; 45.5 moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va sòti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la. 10Wi, #Sòm 34.16; Jer 21.7; 44.11; Eze 14.8; Am 9.4 mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Senyè a k'ap pale. Mwen pral lage l nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l ratè.
Jijman Bondye sou fanmi wa a
11Men sa w'a di moun ki lakay wa peyi Jida a:
— Koute pawòl Senyè a. 12Nou #Jer 4.4; 22.3,16; Zak 7.9 menm ki sòti nan branch fanmi wa David la, men sa Senyè a voye di nou.
Rann tout moun jistis chak jou.
Pwoteje moun y'ap peze yo,
wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a.
Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou.
M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye,
paske nou fè anpil mechanste.
13Nou #Jer 49.4; Eze 13.8 menm moun Jerizalèm ki chita nan fon an,
tankou gwo wòch nan mitan yon plenn,
mwen menm Senyè a, mwen pral regle nou.
N'ap plede di: Pa gen moun ki ka atake nou,
pa gen moun ki ka antre kote n kache a.
14Men #Pwo 1.31; Eze 20.47 m'ap pini nou pou sa nou fè.
M'ap mete dife nan gwo bèl kay bwa #21.14: gwo bèl kay bwa: Se ka sou Salon Rakbwa Liban an y'ap pale la a. nou yo.
Dife a pral boule tou sa ki bò kote yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 21: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte