Ala yon malè pou mwen!
O manman mwen, poukisa ou te fè m?
Mwen nan kont, mwen nan pale anpil ak tout moun nan peyi a.
Mwen pa prete moun lajan, mwen pa prete lajan nan men moun.
Malgre sa, tout moun ap ban m madichon.
Senyè, se pou tout madichon yo rive m vre
si mwen pa sèvi ou byen,
si mwen pat plede avè ou pou tout lènmi m yo,
lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sa k pa bon.
Pèsonn pa ka kraze bout fè k'ap sòti nan nò a,
fè ki melanje ak kwiv la.
Senyè a di m ankò:
— M'ap pran tout richès ak tout trezò pèp mwen an,
m'ap lage yo nan piyay.
Se konsa yo pral peye pou tout peche
yo te fè toupatou nan peyi a.
M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo
nan yon peyi nou pa konnen,
paske nou fè m fè kòlè.
Tankou yon dife m'ap boule nou.
Lè sa a mwen di:
— Ou menm, Senyè, ou konn tout bagay.
Pa bliye m non! Vin pote m sekou!
Tire revanj pou mwen sou moun k'ap pèsekite m yo!
Pa al twò dousman ak yo pou yo pa gentan touye m.
Chonje se poutèt ou y'ap joure m konsa!
Lè ou pale avè m,
mwen koute tou sa ou di m.
Pawòl ou yo, se tout plezi m. Yo fè kè m kontan,
paske yo mete m apa pou ou,
Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a.
Mwen pa pèdi tan m chita ak moun k'ap bay blag
pou m pran plezi m ak yo.
Ou te pran m anba ponyèt ou.
M mete kò m sou kote,
paske ou te fè m fache menm jan avè ou!
Poukisa m'ap soufri san rete konsa?
Poukisa kote m blese a pa ka geri?
M pa ka jwenn renmèd pou li.
Gen lè ou sòti pou ou woule m?
Ou tankou yon sous ki bay dlo lè l vle.
Men sa Senyè a reponn mwen:
— Si ou tounen vin jwenn mwen, m'ap resevwa ou,
w'a kanpe devan m ankò pou ou sèvi m.
Si ou sispann pale anlè
pou se bon pawòl k'ap sòti nan bouch ou ase,
m'a fè ou pale pou mwen ankò.
Lè sa a, se pèp la ki va tounen vin jwenn ou.
Ou p'ap bezwen al dèyè yo.
M'ap fè ou kanpe devan moun sa yo
tankou yon miray fèt an kwiv byen solid.
Y'a goumen avè ou,
men yo p'ap ka fè ou anyen.
M'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou,
pou m delivre ou.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
M'ap delivre ou anba men mechan yo,
m'ap fè ou sòti anba ponyèt lwijanboje yo.