Jeremi 14:1-10

Jeremi 14:1-10 HAT98

Senyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l: — Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe! Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo. Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt. Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje. Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje. Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: — Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Senyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou. Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an? Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouray pou fè anyen pou pèsonn? Senyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou! Men sa Senyè a di pèp la: — Wi, yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret anplas. M'pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè.