Jeremi 1:4-19

Jeremi 1:4-19 HAT98

Senyè a pale avè m, li di m konsa: — Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou. Mwen te mete ou apa pou mwen anvan menm ou te fèt. Mwen te chwazi ou pou te pwofèt lòt nasyon yo. Mwen reponn li: — Aa! Senyè Bondye sèl mèt! Se timoun mwen ye. Mwen pa konn pale. Men, Senyè a di mwen: — Pa di se timoun ou ye. Ou gen pou ou ale bò kote tout moun m'ap voye ou. W'a di yo tou sa m'a ba ou lòd di yo. Ou pa bezwen pè pèsonn. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m pwoteje ou. Se mwen menm Senyè a ki di ou sa. Apre sa, Senyè a lonje men l, li manyen bouch mwen. Epi li di m: — Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou. Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante. Senyè a pale avè mwen, li di mwen ankò: — Kisa ou wè la a, Jeremi? Mwen reponn li: — Mwen wè yon branch zanmann ki rete tankou l'ap veye. Lè sa a, Senyè a di: — Se sa menm! Mwen menm, m'ap veye pou sa m di a rive vre. Apre sa, Senyè a pale avè m', li di m' yon lòt fwa ankò, li di m': — Kisa ou wè la a? Mwen reponn li: — Mwen wè yon chodyè k'ap bouyi sou dife. Vapè chodyè a ap desann soti nan nò. Lè sa a Senyè a fè m konnen: — Yon gwo malè pral sòti nan nò, l'ap tonbe sou tout moun ki rete nan peyi a. Paske m'ap rele tout ras moun ki rete nan peyi sou bò nò yo pou yo vini. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Y'a vini, y'a mete fòtèy wa yo devan pòtay lavil Jerizalèm. Y'ap fè wonn miray ranpa l yo, y'ap atake tout lavil nan peyi Jida yo. M'a pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo. Men ou menm, Jeremi, mete gason sou ou! Leve non! Di yo tou sa mwen ba ou lòd di. Ou pa bezwen pè yo. Si ou pè yo, m'ap fè ou pi pè yo lè w'a devan yo. Jodi a, m'ap ba ou fòs pou kenbe tèt ak tout moun nan peyi Jida a: ak wa li yo, ak chèf li yo, ak prèt li yo, ak tout rès pèp la. W'ap tankou yon vil ak yon gwo miray ranpa, tankou yon poto fè, tankou yon miray kwiv. Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p'ap ka fè ou anyen. Paske m'ap kanpe la avè ou pou m delivre ou. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.