Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa:
— Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo.
Men, Jedeyon reponn yo:
— Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Senyè a ki va chèf nou.
Apre sa, Jedeyon di yo:
— Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen.
Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a.
Moun pèp Izrayèl yo reponn li:
— Se tout plezi nou pou n ba ou yo!
Yo louvri yon rad atè, epi chak moun pran yon zanno nan sa yo te pran an, yo mete l sou rad la. Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalin yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo. Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l nan lavil Ofra, kote l moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.
Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri.
Jedeyon, pitit Joas la, ki rele Jewoubaal tou, tounen al rete lakay li. Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit. Li te gen yon fanm deyò ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele li Abimelèk. Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l nan kavo Joas, papa l, te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo.