Senyè a di Jedeyon konsa: — Ou gen twòp moun avè ou pou m kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouray yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo. Koulyeya, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt retounen lakay yo kite nou sou mòn Gibowa a. Se konsa venndemil moun ale lakay yo. Te rete dimil. Senyè a di Jedeyon ankò: — Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete. Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Senyè a di Jedeyon konsa: — Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò. Te gen twasan (300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. Senyè a di Jedeyon! — Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo. Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.
Li Jij 7
Koute Jij 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jij 7:2-8
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo