Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l yo, y'al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an. Senyè a di Jedeyon konsa:
— Ou gen twòp moun avè ou pou m kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouray yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo. Koulyeya, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt retounen lakay yo kite nou sou mòn Gibowa a.
Se konsa venndemil moun ale lakay yo. Te rete dimil. Senyè a di Jedeyon ankò:
— Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete.
Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Senyè a di Jedeyon konsa:
— Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò.
Te gen twasan (300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. Senyè a di Jedeyon!
— Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.
Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.
Jou lannwit sa a, Senyè a di Jedeyon konsa:
— Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou. Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a. W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouray epi w'a desann al atake yo.
Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an. Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pat ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè. Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l yon rèv li te fè. Li t'ap di l konsa:
— Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l'al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè.
Zanmi an reponn li:
— Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l.
Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo:
— Ann ale! Senyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.
Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la. Epi li di yo:
— Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m fè, n'a fè l tou. N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Senyè a ak pou Jedeyon!