Jij 6:28-40

Jij 6:28-40 HAT98

Lè mesye yo ki rete nan lavil la leve granmaten, yo wè lotèl Baal la kraze, poto Achera a koupe, epi dezyèm towo a menm boule sou lotèl yo te bati la a. Yonn di lòt: Ki moun ki fè sa, en? Yo tonbe chache, yo t'ap mande moun ki jan sa fè fèt. Yo vin konnen se Jedeyon, pitit Joas la, ki te fè sa. Mesye yo al di Joas konsa: — Fè pitit gason ou lan sòti vin jwenn nou isit la. Se pou n touye l! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l la. Joas reponn tout moun ki te kanpe devan l yo. Li di yo: — Anhan! Se nou ki pou goumen pou Baal? Se nou ki pou defann li? Enben, moun ki vle goumen pou Baal gen pou l mouri anvan solèy leve. Si Baal se yon bondye vre, se li ki pou defann tèt li. Se lotèl li a yo kraze! Depi jou sa a yo rele Jedeyon Jewoubaal paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze. Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la. Lespri Senyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li. Apre sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li. Lè sa a, Jedeyon di Bondye konsa: — Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la, men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la. Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòdje moso lenn lan, li wete dlo ladan l kont pou ta plen yon bòl. Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: — Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m di ou yon dènye bagay. Kite m fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a. Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.