Zanj Senyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: — Mwen fè nou sòti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p'ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an. Nou menm, bò pa nou, piga nou fè okenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m te di nou fè a. Gade sa nou pito fè! Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou. Lè zanj Senyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye. Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nan-Kriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Senyè a la. Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a. Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou. Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Senyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an). Yo antere l sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.
Li Jij 2
Koute Jij 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jij 2:1-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo