Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Jak 3:3-11

Jak 3:3-11 HAT98

Nou mete mò nan bouch chwal pou fè li obeyi nou. Avèk sa, nou fè li ale kote nou vle. Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l gwo, gwo van te mèt ap pouse l, se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l kote l vle. Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l, li mete dife nan tout lavi nou. Moun ka donte tout kalite bèt, zwazo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja. Men, pou lang lan menm, pèsonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun. Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li. Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa. Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan.

Li Jak 3

Koute Jak 3

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Jak 3:3-11

waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo