Jak 2:20-23
Jak 2:20-23 HAT98
Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè kijan lafwa pa vo anyen si li pa mache ak fè sa ki byen? Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la? Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye.


