Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun. Sipoze de moun vin antre kote nou rasanble a. Yonn byen abiye ak bèl bag lò li nan dwèt li. Lòt la se yon pòv ak rad li tou chire. Si nou leve pou n salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Mesye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m lan, eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo. Men nou menm se meprize n'ap meprize pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou tribinal? Se yo menm tou k'ap pran non Bondye nou an pase nan tenten. Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans. Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt. Bondye ki di: Pa fè adiltè a, se li menm tou ki di: Pa fè zak sasinay touye moun. Konsa menm si ou pa fè adiltè, men ou fè zak sasinay touye moun, se dezobeyi ou dezobeyi lalwa. Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a.
Li Jak 2
Koute Jak 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jak 2:1-12
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo