Logo YouVersion
BibPlan yoVideyo
Pran aplikasyon an
Seleksyone Lang
Chache Icon

Ezayi 9:1-6

Ezayi 9:1-6 HAT98

Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò. Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, kounyeya yon limyè vin klere yo! Ou fè yo vin anpil, Senyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè. Paske ou kase bout bwa ki te mare dèyè kou yo a, joug ki t'ap peze zepòl yo a! Wi Senyè, ou kase bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la, tankou jou lè ou kraze moun Madyan yo! Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife. Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!

Li Ezayi 9

Koute Ezayi 9

Telechaje Ap Bib la kounyaBible AppTelechaje Aplikasyon Bib pou timoun yoBible App for Kids

Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 9:1-6

Imaj Vèsè yo pou Ezayi 9:1-6

Ezayi 9:1-6 - Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò.
Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè.
Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa.
Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!
Ou fè yo vin anpil, Senyè!
Ou ba yo gwo kè kontan.
Yo te kontan wè sa ou fè pou yo,
tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt,
tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.
Paske ou kase bout bwa ki te mare dèyè kou yo a,
joug ki t'ap peze zepòl yo a!
Wi Senyè, ou kase bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la,
tankou jou lè ou kraze moun Madyan yo!
Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo,
tout rad sòlda ki te plen san yo,
yo pral boule sa nan dife.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt.
Bondye ban nou yon gason.
Se li menm ki pral chèf nou.
Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la,
Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa ki la pou tout tan an,
Wa k'ap bay kè poze a!Ezayi 9:1-6 - Te gen yon lè, peyi fanmi Zabilon yo ak peyi fanmi Neftali yo t'ap drive nan labou. Men pita, va rive yon lè tout rejyon an, pran depi lanmè Meditèrane rive bò larivyè Jouden, moute peyi Galile kote moun lòt nasyon yo rete a, tout rejyon an va kanpe ankò.
Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè.
Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa.
Men, kounyeya yon limyè vin klere yo!
Ou fè yo vin anpil, Senyè!
Ou ba yo gwo kè kontan.
Yo te kontan wè sa ou fè pou yo,
tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt,
tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.
Paske ou kase bout bwa ki te mare dèyè kou yo a,
joug ki t'ap peze zepòl yo a!
Wi Senyè, ou kase bout fè nan men moun ki t'ap fè yo pase tray la,
tankou jou lè ou kraze moun Madyan yo!
Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo,
tout rad sòlda ki te plen san yo,
yo pral boule sa nan dife.
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt.
Bondye ban nou yon gason.
Se li menm ki pral chèf nou.
Y'a rele l: Bon konseye k'ap fè bèl bagay la,
Bondye ki gen tout pouvwa a,
Papa ki la pou tout tan an,
Wa k'ap bay kè poze a!
waves

Pran aplikasyon Bib YouVersion la

Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!

Telechaje App laTelechaje App la
Telechaje App la
YouVersion

Ankouraje ak defi pou w chèche entimite ak Bondye chak jou.

Ministè

Apwopo

Karyè yo

Volontè

Blòg

Peze

Lyen itil yo

Ed

Fè yon don

Vèsyon Bib yo

Odyo Bib yo

Diferan Lang yo nan Bib la

Vèsè Jodi a


Yon Ministè Digital nan

Life.Church
English (US)

©2025 Life.Church / YouVersion

Politik PriveTèm yo
Pwogram Divilgasyon Vilnerabilite
FacebookTwitterInstagramYouTubePinterest

Akèy

Bib

Plan yo

Videyo