Ezayi 8:18-22
Ezayi 8:18-22 HAT98
Men mwen ansanm ak tout pitit Senyè a ban mwen yo! Senyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive. Si pèp la mande nou pou n'al kay divinò ak kay moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun gendwa mande fodye sa pou yo fè? Eske yo gendwa al rele mò pou vivan? W'a reponn yo: Koute pawòl Senyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa. Moun pral pwonmennen mache nan tout peyi a, y'ap dekouraje, y'ap grangou. Grangou a ap tèlman manyen yo, l'ap fè yo madichonnen ni wa yo a ni Bondye yo a. Y'a leve je yo gade nan syèl, y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.

