Menm jan lòt syèl ak lòt latè m'ap fè yo ap la pou lontan devan m, konsa tou pitit nou ak non nou ap la pou lontan. Se Senyè a menm ki di sa. Pou chak fèt lalin nouvèl, pou chak jou repo, moun tout peyi va vin fè sèvis pou mwen isit lavil Jerizalèm. Se Senyè a menm ki di sa. Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri. Dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun ki va wè sa ap gen gwo boulvès!
Li Ezayi 66
Koute Ezayi 66
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Ezayi 66:22-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo