Ezayi 63:1-14

Ezayi 63:1-14 HAT98

Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Senyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan. Poukisa rad sou ou yo wouj konsa, tankou rad moun k'ap kraze rezen anba pye yo pou fè diven nan basen? Senyè a reponn: — Mwen te pou kont mwen ap kraze nasyon yo anba pye m, tankou rezen nan basen. Pat gen yon moun nan pèp mwen an ki te la avè m. Mwen fè kòlè, mwen mache sou yo, m pilonnen yo anba pye m sitèlman mwen te fache. San yo benyen tout rad mwen, li tache yo byen tache. Mwen te chwazi nan kè m jou pou m te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m te pini lènmi l yo te rive. Lè m' gade, mwen te sezi. Pa te gen yon moun pou ban m' yon koutmen. Pa te gen pesonn pou ban mwen konkou. Men mwen te sitèlman ankòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen. Mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo. Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo. M'a chante pou m fè konnen tout bèl bagay Senyè a fè pou nou. M'a fè lwanj li pou tou sa li fè pou nou, pou jan li bon pou moun fanmi Izrayèl yo. Li moutre nou jan li gen kè sansib pou nou, jan li renmen nou anpil. Senyè a te di se pèp mwen yo ye, m sèten yo p'ap fè m wont. Se konsa, li delivre yo nan tout tèt chaje yo. Se pat yon moun ni yon zanj li te voye fè travay la pou li. Se li menm menm ki te vin delivre yo. Li sitèlman renmen yo, kè l sitèlman fè l mal pou yo, se li menm menm ki te vin delivre yo. Nan tan lontan, li te toujou pran swen yo. Men, yo te fè wòklò avè l, yo te fè l lapenn anpil. Se konsa Senyè a te tounen yon lènmi pou yo, li fè yo lagè. Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande kounyeya: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a? Kote Bondye ki te kanpe aladwat Moyiz pou fè gwo mèvèy ak fòs ponyèt li lè li te fann dlo a devan yo pou tout moun te ka chonje sa li te fè a? Lè Bondye te fè yo mache nan fon lanmè a tankou chwal nan sab dezè, san yo pa janm bite, tankou bèt yo lage desann al manje, se konsa lespri Senyè a te mennen yo kote pou yo poze. Wi, se konsa Senyè a te kondi pèp li a pou tout moun te ka nonmen non li pou jan li gen pouvwa.